Depi lè moun egziste, lanmò ap mache kole kole ak lavi. Se youn nan reyalite ki prezan toupatou, nan tout peyi nan mond lan. Menm si nou pa janm envite l, li toujou fè nou santi l la. Depi l rive, menm si nou pa pare pou nou akeyi l, li rantre epi l enstale l ak tout fòs li.
Gen moun ki wè lanmò tankou pi gwo pèt ki genyen nan lavi a. Gen lòt ki konsidere l kòm yon soulajman, sitou si moun nan te soufri anpil anvan l mouri, oubyen si moun k ap reflechi a kwè ke lanmò se kle ki ouvri pòt pou antre nan yon vi ki pap janm fini. Aspè sa a ka pwovoke gwo deba, n ap kite l la pou kounye a.
Sa ki klè, lanmò pote soufrans, dezespwa, doulè, dezolasyon ak endiyasyon, selon kontèks kote moun nan mouri a. Devan lanmò, emosyon nou santi yo pa sèlman soti nan absans moun nan. Yo soti tou nan kesyon li pouse nou poze sou egzistans nou : li fòse nou reflechi sou frajilite nou, sou limit nou, ak sou laj k ap monte san kanpe. Refleksyon sa yo pèmèt nou pran konsyans ke nou pap viv sou tè a pou tout tan.
Lanmò : yon reyalite nou viv chak jou
Chak jou, lanmò fè nou santi li byen vivan nan mitan nou, kit se nan nouvèl nou tande, kit se fineray k ap selebre anba je nou nan divès asanble relijye. Daprè Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS, 2019), gen ant 160 ak 180 mil moun ki mouri nan mond lan chak jou. Malgre chif sa a parèt anpil, li piti lè nou konpare l ak kantite moun ki fèt chak jou. Sa montre nou yon verite paradoksal : pandan lanmò ap rache ak detwi, lavi ap plante epi l ap boujonnen. Kote ki gen yon fen, gen yon kòmansman tou.
An Ayiti, lè nou konsidere kantite moun k ap mouri akoz maladi, ensekirite ak lòt rezon san eksplikasyon klè, nou wè lanmò fè pati lavi n ap viv chak jou a. Poutan, nou pa janm ka abitye avè l tout bon vre. Youn nan premye santiman nou genyen lè nou aprann yon lanmò, se negasyon an. Nou refize aksepte reyalite a, se sa k fè nou souvan poze kesyon tankou : « Te kwè se lòt jou la a mwen te wè entèl byen pwòp ? Kisa l te genyen ? ». Sikolojikman, kesyon sa yo se prèv ke nou choke. Se yon fason lespri nou defann tèt li devan sa ki depase l.
Konsepsyon kiltirèl ak eksplikasyon syantifik
Nan kilti nou kòm Ayisyen, li fasil anpil pou nou di se « dyab ki manje moun lan ». Kwayans sa a gen rasin li nan fason nou konprann malè ak limit rezònman nou pou esplike sa nou pa konprann. Gen moun ki chèche tout kalite agiman pou jistifye ke pa gen lòt rezon ki lakòz lanmò a. Souvan, « yo » sa a nou akize a se yon granmoun nan zòn nan, oubyen yon moun mò a, nan vivan li, te gen kont avè l.
San m pa antre nan deba si dyab manje moun oswa non, objektif mwen nan atik sa a se fè n konprann ke lanmò se yon pati nan estrikti lavi a. Eksplikasyon « yo manje l » la parèt souvan kòm yon repons rapid pou bay doulè a yon sans ak pou nou santi nou gen kontwòl sou sitiyasyon an. Men, lè nou reflechi ak tèt frèt, nou wè se souvan pawòl ki repete san verifikasyon.
Konprann pou aprann
Devan lanmò, li enpòtan pou nou poze tèt nou epi reflechi sou kondisyon lavi moun nan.
Èske moun nan te gen gwo pwoblèm ki pat janm rezoud ? Ki dènye fwa li te al lopital ? Èske li te jwenn swen ak sipò nan men fanmi l pou sante mantal ak fizik li ? Nan ki kondisyon li t ap viv, dòmi oswa manje ? Èske lespri l te poze ?
Pafwa, lanmò se rezilta yon chay lou moun nan t ap pote nan silans : yon kò fatige, yon lespri ki twò chaje, oswa yon maladi li te wont di. Nan ka aksidan, nou dwe analize vitès, eta wout la, eta machin nan, oswa si moun nan te anba enfliyans alkòl. Refleksyon sa yo pa la pou kondane, men pou ede nou pran responsabilite nou epi evite repete menm erè yo.
Konsolasyon ak espwa
Lanmò yon moun ki chè pou nou pa dwe fini ak kapasite nou genyen pou nou renmen lavi. Okontrè, sa dwe motive nou pou nou pi byen pran swen tèt nou ak lòt moun. Se lavi yon moun ki fini, men se pa lavi li menm ki fini.
Nou pa ka bliye sa ki pati yo, men nou pa dwe kite tristès fè nou bliye jan lavi a bèl. Se pou nou kontinye viv ak diyite. Pou tout moun k ap soufri, mwen swete nou jwenn kouraj pou nou kontinye jiskaske nou rekòlte fwi lavi a. Reflechi sou lanmò pa dwe fè nou pè, men pito li dwe aprann nou apresye chak moman.
Viv lavi !

