Moun nou ap pale nan tèks sila, nou prefere pa site non li. Men anpil nan nou konnen li kòm yon ansyen animatris radio ki te vin nan sant yon gwo deba piblik nan mwa avril 2025, apre difizyon videyo entim li sou rezo sosyal yo.
Dosye sa a te depase kad yon senp eskandal sou entènèt. Li te soulve gwo kesyon sou lavi prive, diyite moun, vyolans dijital, jijman sosyal, dwa fanm ak fason sosyete ayisyèn nan trete moun ki ekspoze nan sitiyasyon konsa.
Plis pase yon ane apre, non jèn fi sa retounen nan diskisyon piblik la. Fwa sa a nan yon kontèks politik, akòz enfòmasyon ki fè konnen li ta gen anbisyon pou l antre nan kous elektoral la kòm kandida depite pou komin Petyonvil.
Men, ant sa ki verifye, sa ki rapòte ak sa ki rete kòm rimè, ki sa nou konnen toutbon?
Sa ki te pase nan mwa avril 2025
Nan mwa avril 2025, plizyè videyo ki gen karaktè entim, kote sè levanjil sa parèt avèk yon jèn gason, te kòmanse sikile sou entènèt la.
Dosye a te rapidman pran anpil dimansyon sou rezo sosyal yo, kote li te bay plas ak anpil kòmantè, jijman moral ak divès entèpretasyon sou lavi prive jèn fi a.
Anpil moun t ap di se videyo prive li epi yo te pibliye l san konsantman li. Dapre enfòmasyon kèk moun te rapòte, telefòn li te vòlè, sa ki te fasilite piblikasyon kontni prive yo.
Nan dat 14 avril 2025, plizyè òganizasyon dwa moun, tankou RNDDH ak POHDH, ansanm ak pwofesyonèl medya, te òganize yon mobilizasyon solidarite devan lokal Radio Télévision Pacific pou denonse vyolans dijital sa a.
Ant rimè ak deklarasyon ki te fèt
Apre videyo yo te fin sikile, anpil enfòmasyon te kòmanse ap pataje sou rezo sosyal yo, sitou sou relasyon santimantal, lavi relijye li ak idantite de (2) moun yo ki te parèt nan videyo a.
Pami enfòmasyon ki te plis sikile yo, te gen yon istwa ki fè konnen viktim nan te fiyanse ak yon jèn gason kretyen, pandan moun ki te parèt nan videyo yo se te yon lòt moun.
Sepandan, nan yon entèvyou papa demwazèl la te bay nan emisyon Blocus sou Strom TV, epi GPL Media Libre te rapòte 19 avril 2025, li te demanti istwa fiyansay la. Dapre deklarasyon papa a, jèn gason ki te parèt nan videyo yo se te mennaj pitit fi li nan epòk la.
Papa a te bay tou yon vèsyon sou fason telefòn pitit fi li te disparèt ak fason kontni prive yo te vin pibliye. Li te demanti se ansyen mennaj la ki te pibliye videyo yo.
Li enpòtan pou nou presize se deklarasyon papa a nan yon entèvyou, e Sè a pa t janm moute pou l te di anyen. Kèk jou apre ensidan 19 avril 2025 la, li te sèlman vin anonse sou rezo sosyal li yo se li menm menm k ap vin di sa ki verite, men li pa janm tounen sou sa ankò.
Kidonk, nou dwe evite prezante tout enfòmasyon ki te sikile sou rezo sosyal yo kòm verite.
Rekadraj: Lè yon moun kontinye avanse malgre jijman sosyal
Nan anpil sosyete, lè yon moun ekspoze nan yon eskandal piblik, konsekans yo kapab depase sa ki te pase okòmansman. Izolman sosyal, enkyetid, depresyon ak lòt difikilte sikolojik kapab antre nan lavi moun ki konsène a.
Sa pa vle di tout moun ki pase nan menm eksperyans lan ap devlope pwoblèm sa yo. Chak moun viv eksperyans li yon fason diferan.
Nan sikoloji oubyen Pwogramasyon Newo-Lengistik (PNL), nou kapab sèvi ak konsèp rekadraj la pou analize fason yon moun kapab chanje fason li konsidere yon sitiyasyon, bay li yon lòt sans epi chèche kontinye avanse.
Sepandan, nou pa kapab pretann nou konnen tout sa konsène a te viv sou plan sikolojik, ni di avèk sètitid ki estrateji li te itilize pou fè fas ak sitiyasyon an.
Sa nou kapab defann, se yon prensip: yon eksperyans difisil pa oblije defini tout rès lavi yon moun.
Yon nouvo deba: Politik ak anons kandidati
Nan mwa novanm 2026, non jèn dam nan retounen nan diskisyon piblik la akòz enfòmasyon ki fè konnen li ta vle antre nan kous elektoral la pou pòs depite nan komin Petyonvil, sou banyè pati Engagés pour le Développement (EDE).
Nouvèl sa a te pwovoke anpil reyaksyon. Jounalis, medsen, sikològ, avoka, jiris, defansè dwa moun, politisyen ak anpil lòt sitwayen te kòmanse bay opinyon yo.
Gen moun ki kritike posiblite kandidati a. Gen lòt ki pran pozisyon pou defann dwa li kòm sitwayèn pou l patisipe nan lavi politik peyi a.
Pami kòmantè ki te parèt yo, gen moun ki konsidere yon moun ki te nan yon eskandal konsa pa ta dwe chèche yon pòs nan Leta. Gen lòt ki konsidere se yon fòm diskriminasyon pou sèvi ak lavi prive yon fanm kòm rezon pou anpeche l antre nan politik.
Genyen tou moun ki kesyone motivasyon pati politik la, kapasite posib kandida pou reprezante popilasyon an ak posiblite pou yon moun sèvi ak popilarite li kòm yon kapital politik.
Men, yon presizyon enpòtan nesesè: jiska 12 novanm 2026, pa gen yon konfimasyon ofisyèl ki etabli moun nap pale nan tèks la se kandida EDE pou Petyonvil.
Kidonk, li pi kòrèk pou nou pale de yon deba sou yon posib kandidati olye nou prezante kandidati a kòm yon reyalite ki deja konfime.
Dwa pou patisipe nan politik ak kondisyon lalwa
Nan yon sosyete demokratik, yon moun pa dwe pèdi diyite l, dwa l oswa posiblite pou l patisipe nan lavi piblik sèlman akòz yon dosye ki gen rapò ak lavi entim li, oubyen paske li se yon viktim.
Difizyon yon videyo entim san konsantman moun ki ladan l lan pa dwe sèvi kòm yon mezi pou detèmine valè yon sitwayen.
Sepandan, dwa pou patisipe nan politik pa vle di tout moun kapab okipe nenpòt pòs elektif san yo pa ranpli kondisyon lalwa.
Atik 91 Konstitisyon ayisyèn nan prevwa kondisyon pou vin depite. Depite a dwe:
Ou se Ayisyen natif natal epi li pa dwe janm renonse nasyonalite ayisyen li. Gen 25 lane akonpli. Jwi dwa sivil ak politik li epi pa janm kondane a yon pèn afliksyon oswa enfamant pou yon krim dwa komen. Te rete omwen de (2) ane youn apre lòt, anvan dat eleksyon an, nan sikonskripsyon elektoral li vle reprezante a. Pwopriyetè omwen yon byen imobilye nan sikonskripsyon an oswa egzèse yon pwofesyon oubyen yon endistri ladan l. Resevwa dechaj, si sa nesesè, kòm responsab jesyon fon piblik.
Pami kondisyon sa yo, nou wè laj minimòm 25 lane. Anplis, kad elektoral aktyèl la gen lòt kondisyon ki konsène nasyonalite, rezidans, dwa sivil ak politik, ansanm ak lòt obligasyon legal.
Gen yon pwen ki merite anpil atansyon nan dosye sa : nan nòt 11 avril 2025 la, RHJS te prezante l kòm yon jèn fanm ki te gen 21 lane.
Si enfòmasyon laj sa a egzak, li ta poko gen 25 lane nan mwa novanm 2026. Sa ta poze yon kesyon serye sou kalifikasyon legal li pou pòs depite.
Sepandan, nou pa gen yon dokiman idantite oswa yon lòt sous ofisyèl ki etabli dat nesans egzak li. Se poutèt sa, nou pa fè yon deklarasyon definitif sou kalifikasyon li san verifikasyon dokiman sa a.
Ki kalite reprezantan nou bezwen?
Antanke sitwayen, nou pa dwe konfonn popilarite ak kapasite politik.
Yon moun kapab popilè sou rezo sosyal, genyen anpil moun ki konnen l, jwenn solidarite nan men yon pati nan popilasyon an, men sa pa vle di li deja gen konpetans ki nesesè pou reprezante yon komin.
Menm jan an tou, yon eskandal nan lavi prive pa sifi pou demontre yon moun pa kapab sèvi peyi li.
Si yon moun vle antre nan politik, sitwayen yo gen dwa mande l ki vizyon li genyen, ki pwogram li pwopoze, ki pwoblèm li vle rezoud ak ki angajman li pran devan popilasyon an.
Nou bezwen reprezantan ki kapab travay sou bon jan tèks lwa, pwoteje enterè popilasyon an, ranfòse enstitisyon yo epi kontribye nan devlopman ak souverènte peyi a.
Viktim nan oubyen nenpòt lòt jenn fi ou gason pa dwe sibi diskriminasyon oswa imilyasyon akòz difizyon kontni entim li san konsantman li. Men, menm jan ak tout lòt moun ki ta vle antre nan politik, li dwe satisfè kondisyon lalwa epi kapab prezante yon vizyon politik ki reponn ak bezwen popilasyon an.
Nou pa bezwen bay pèsonn yon avantaj poutèt yon eskandal, men nou pa dwe retire dwa pèsonn poutèt menm eskandal sa a.
Ayiti bezwen yon kilti politik kote nou sispann mezire moun sèlman sou aparans, popilarite oswa lavi prive yo, pou nou kòmanse evalye yo sou kapasite, pwogram, aksyon ak rezilta yo.
Se konsa nou kapab konstwi yon politik ki pi responsab, pi jis ak pi itil pou peyi a.
Nou swete w kontinye avanse nan lavi li epi bòn chans!

