Soti dèyè simityè pou rive nan devlopman kominotè: pakou ak vizyon Richardson Jeune

Gen moun ki fèt ak yon fado sou zepòl yo, men gen lòt ki fèt ak yon vizyon ki pi gran pase tèt yo. Nan peyi Ayiti, kote anpil jèn ap chèche wout yo, Richardson Jeune se youn nan figi sa yo ki chwazi trase yon chemen kote syans sosyal, devlopman lokal, politik ak lapouwezi fòme yon sèl ak menm reyalite.

Soti nan rasin li nan Chadonèt, zòn dèyè simityè (Bomon), rive nan lari Kafou ak Jeremi kote l te pase jenès li, Richardson Jeune se yon aktivis, espesyalis nan devlopman kominotè, e powèt otè rekèy MAK PYE LESPWA. Li fè primè l nan Centre d’Études Lumière (kote l te nan lekòl foutbòl Jako), epi li swiv segondè l nan Kolèj Advantis ak Kolèj La Providence (kay pè) nan Bomon, anvan l rantre Jeremi kote l pase nan ICP ak Lise Nò Alexis. Lespri «konbit» ki anime l la soti nan valè solidarite fanmi l ak eksperyans li antanke lidè etidyan nan Lise Nò Alexis, kote l te dirije mouvman ki te pote yon kafeterya ak yon laboratwa enfòmatik pou lise a nan pwogram Gouvènman Lakay Ou. Pakou sa a te pouse l sèvi nan palman jenès la kòm jèn Depite Bomon ak jèn Senatè Grandans.

Nivo akademik li chita sou yon Lisans nan Syans Enjenyeri Edikasyon nan Inivèsite Piblik Grandans (UPGA), yon diplòm nan Devlopman Kominotè nan ICOAO, ansanm ak yon Mastè 2 nan Sikoloji Sosyal nan Fakilte Etnoloji (UEH). Kòm konsiltan, fondatè Sant Animasyon Sosyal ak Kominotè Peyi d’Ayiti (CASCH) an 2017, ak kreyatè fòmil PiC ak ekwasyon devlopman kominotè a, li travay chak jou pou mete chanjman an pratik. Papa yon fanmi e aktivis ki kwè nan demokrasi sosyal, pi gwo rèv li rete pou l wè Bomon gen yon sant devlopman kominotè modèn epi vin yonn nan pi bèl komin nan peyi Ayiti.

YA : Kòman vwayaj akademik ou te enfliyanse epi fòme vizyon politik ou jodi a?

RJ : Vwayaj akademik lan te vrèman enfliyanse chwa politik mwen fè jodi a. Se pakou akademik lan ki konstui chwa politik mwen; rankont mwen, kontrent akademik yo ak ideyoloji diferan mwen t ap konfwonte yo te ranfòse kapasite refleksyon m epi mete m sou yon teren priz desizyon.

YA : Ki jan ou redefini wòl politik la pou l ka vin yon vrè zouti chanjman nan sosyete nou an?

RJ : Mwen wè politik la kòm yon syans ki la pou òganize lavi nan kominote a. Se yon veritab zouti transfòmasyon ak emansipasyon sosyal. Pou mwen, politik se kiltirèl nan sans nou dwe aprann li. Pou politik la vin yon veritab zouti transfòmasyon sosyal, fòk gen yon edikasyon ki solid ki chita sou fòmasyon sivik popilasyon an.

Pa gen pèp ki ka devlope san konesans dwa l ak devwa l.

YA : Daprè eksperyans ou, ki prensipal mwayen pou fè yon pwojè devlopman kominotè reyisi ak popilasyon an?

RJ : Premye bagay pou nou konnen, devlopman kominotè antre nan yon dinamik rechèch-aksyon ak patisipasyon; se yon demach ki vize yon devlopman lokal k ap pilòtée pa popilasyon an.

Selon eksperyans mwen kòm espesyalis nan koze devlopman kominotè, mwen rive dakò tout pwojè devlopman kominotè ki reyisi chita sou yon patisipasyon reyèl popilasyon an. Men, patisipasyon sitwayèn sa a se rezilta bon jan sansibilizasyon kominotè ak mobilizasyon kominotè k ap bay li. Popilasyon sitwayèn nan rete priyorite tout bon jan pwojè devlopman kominotè. An reyalite, pwojè devlopman kominotè ki reyisi yo se sa ki fèt ak popilasyon an men ki pa fèt pou popilasyon an. Jan m renmen di l nan tout entèvansyon m yo nan devlopman kominotè: nou pap reyalize anyen pou popilasyon an, men n ap reyalize tout bagay ak popilasyon an.

YA : Ki wòl powèt la jwe nan yon sosyete k ap travèse kriz sosyal ak politik?

RJ : Pou mwen, domèn kreyasyon powèt la se yon dye, paske l ap bay lavi ak zèv ki pa t egziste anvan li. Nan ka pa m, pwezi a pa sèlman yon zouti pou m chante lanmou, men tou pou m pote vwa tout yon sosyete ki nan gwo kriz. Mwen nan pwezi angaje a; pwezi m nan chita nan salon ni nan mache piblik, m fè yon pwezi ki pote vwa tout moun:

PÒTOPRENS

Pòtoprens se yon ravin bwadchèn

k ap fè vizitè je dou

pòtoprens

se yon pòtay leyogàn san kilòt

k ap ranmase

moso lanmou chak vil

lavi mawon fatra sou granri

sou katon anba treto

tilèzanj fè jalou

pou rat ki gen tou

PRENS GRAN CHIMEN

Pa mande m pou papa m

m se yon dènye gouyad loray

chak lè lanati ofri solèy repo

beton an sèvi m matla

m pote dèyè pou rèv mwen

leta tère l vivan nan gran simityè

m abite tou pre palè

somèy mwen kankannen

nan sirèn machin leta

m se pitit gran chimen

m san adrès

YA : Kòman lapouwezi ak devlopman kominotè rive konplete youn lòt nan travay ou chak jou?

RJ : Pou mwen, pwezi se yon pasyon, epi devlopman kominotè se yon aktivite pwofesyonèl. Chak okipe yon plas espesyal nan lavi m. Anpil fwa, mwen itilize pwezi a pou m pale koze devlopman kominotè a; sa vle di, devlopman kominotè a bay pwezi a matyè.

YA : Ki pèspektiv teyorik ou aprann nan inivèsite ki pi sèvi w lè w sou teren an nan kominote yo?

RJ : Gen plizyè pèspektiv teyorik mwen aprann ki anime m, tankou:

Pèspektiv Joceline Lavoie a ki chita sou mobilizasyon kominotè;

Pèspektiv Yann Le Bossé a ki chita sou empowerment; Pèspektiv Paulo Freire ki chita sou dyalòg, edikasyon popilè ak konsyantizasyon; Pèspektiv Saul Alinsky ki chita sou metòd mobilizasyon popilasyon yo sou pwoblèm ak revandikasyon kolektif; Pèspektiv Amartya Sen ki chita sou gouvènans lokal, koperasyon, règ kolektif ak elajisman bon jan libète ak posiblite ki chita sou valorizasyon.

Gen anpil lòt nou te ka site toujou, men nou site sa yo nou plis itilize yo.

YA : Ki pi gwo obstak ou rankontre antanke espesyalis k ap travay dirèkteman nan devlopman lokal?

RJ : Entèvansyon ONG yo ki kraze dinamik angajman an nan kominote yo.

YA : Èske politik ak konfli sosyal yo se prensipal sous enspirasyon pou powèm ou yo?

RJ : Non.

YA : Ki konsèy ou ta bay yon jèn ki vle marye etid akademik li ak devlopman kominotè peyi l?

RJ : Si tout bon edikasyon se fòme moun pou ale asire transfòmasyon sosyal, mwen envite tout jèn itilize resous akademik yo pou ranfòse devlopman kominote yo.

YA : Ki pi gwo pwojè w ap travay sou li kounye a ki kouvri alafwa dimansyon kiltirèl, akademik ak kominotè w la?

RJ : Sou plan akademik… Soutni travay rechèch mwen sou devlopman kominotè.

Sou plan kiltirèl… Pibliye dezyèm rekèy mwen.

Sou plan kominotè… Mete kanpe yon sant fòmasyon sou devlopman kominotè.

Pakou ak refleksyon Richardson Jeune montre ak klè ke transfòmasyon yon sosyete pa fèt nan diskou vid, men nan kwazman ant konesans akademik, angajman sitwayen ak sansiblite imèn. Swiv prensip «konbit» la kote pwojè yo pa fèt pou popilasyon an, men ak li, trase yon liy klè anba pye entèvansyon ONG ki souvan kraze dinamik lokal yo. Li pwouve tou ke lapouwezi ak devlopman kominotè se de dimansyon ki alimante youn lòt pou bay moun ak kominote yo valè ak espwa.

Pandan l ap travay sou dezyèm rekèy powèm li an, sou pwojè rechèch li yo ak sou fondasyon yon sant fòmasyon nan devlopman kominotè, Richardson Jeune rete kole sou gwo rèv li a: wè komin Bomon jwenn pwòp sant devlopman pa l epi vin yonn nan pi bèl modèl devlopman nan tout peyi d’Ayiti. Yon mesaj vivan pou tout jèn k ap chèche sèvi ak fòmasyon yo pou louvri chemen chanjman pou peyi yo.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Partager la publication :

Articles Similaires

Articles Similaires

Inscrivez-vous à notre newsletter