Sosyete n ap viv jounen jodi a mete aksan anpil sou sa nou rele konpetans 21èm syèk yo. Pou “Unesco”, yon ajans ONI k ap travay pou blayi edikasyon, syans ak kilti nan tout kwen sou tè a, dekri yo ak tout sa ki gen pou wè ak atitid yon moun dwe genyen pou reyisi nan mond konnye a. Metrize kominikasyon ak zouti teknoloji yo se 2 ladan yo. Redaksyon Eksplisit Net pat ezite mete limyè sou yon pwogram ki favorize jèn fanm nan sans sa.
Emansipe fanm yo gras ak kamera
« Kamera m chanje vi m », se non pwogram pati politik « Vision Intégrale pour la Reconstruction Haïtienne (VIREHA-5e VWA) » mete kanpe sou pye, nan lwès peyi a pou fòme fanm ak gason nan domèn fotografi. Daprè chif M. Mackenson Guerrier, direktè kilti ak fondatè Kamera m Chanje Vi m kominike nou, kou sa ki dire 5 mwa, gen plis pase 4 lane. 450 fanm atravè peyi a gentan benefisye inisyativ sila san konte jèn gason.
« Pwogram sa a gen objektif pou bay fanm yon vwa atravè imaj. Se pa sèlman aprantisaj teknik fotografi. Li se tou yon veritab eksperyans chanjman ki pèmèt fanm rekonekte ak tèt yo, rakonte istwa yo, ak revandike plas yo nan sosyete a ». Responsab la wè fòmasyon sa tankou yon zouti emansipasyon, devlopman pèsonèl ak sosyal pou jèn fanm ayisyen.
Fotografi, yon zouti libète ekspresyon
Yon lòt bò, Madam Mondésir Sara Joseph, prezidant Asosiyasyon Fanm Fotograf Ayiti (AFPHA), ale pi lwen. Pou nimewo 1 AFPHA, fotografi pa sèlman yon metye, men yon lang, yon zouti ki asire endepandans finansyè Fanm yo.

Si pou Sara metye fotograf la ka chanje lavi. Men san disiplin, pasyans, ak pasyon okenn jèn fanm ak gason ki nan domèn sila pap janm ka briye. « Pa pè antre nan domèn sa. Si ou gen yon bagay sou kè w, men ou pa ka di l ak bouch ou, foto kapab rakonte li pou ou ». Deklarasyon sa montre klèman filozofi ki dèyè pwogram nan, sa ki vle di mete kamera a nan men fanm pou yo sèvi avè l kòm zouti ekspresyon, defans, ak devlopman.
Kwape estereyotip yo
« Fòmasyon sa gen anpil efè pozitif sou mwen. Li fè mwen eksprime m atravè imaj epi devlope yon pasyon ki te deja lakay mwen. Sa te chanje vizyon m de mond nan, sitou jan sitiyasyon yo ye nan peyi m pou konnye a », se fason pa l Kettneïka Dorvilné premye loreya 12èm pwomosyon KCV a t ap eksprime kontantman l. Dorvilné di li swete sèvi ak konesans sa yo pou li kreye estil pa l, epi jwen posibilite pou li ouvè yon estidyo..
Jèn fanm sa konsyan ke nan anpil sosyete, kamera ak teknoloji konsidere kòm koze gason. Chif yo bal rezon, paske anpil etid montre Fanm ak gason an k ap fè menm travay, malgré tou, gason an touche pi byen. Medam fotograf yo pa epanye de fenomèn sa. Men Kettneïka aprann kòman li kapab sèvi ak zouti sa yo pou kwape estereyotip yo, epi vini lidè nan domèn vizyèl la.
N ap konprann , avèk zouti tenolojik yo, espesyalman yon kamera, ou ka eksprime sa w santi, defann sa w kwè, e montre mond lan reyalite pa w. Se pa sèlman gade ou pral gade, men w ap aprann wè. Kouri dèyè rèv ou. Ou gen plas ou ladan l. Se nan dinamik sila a ke kèk fanm fotograf ki soti nan pwogram nan mete tèt yo ansanm pou kontinye fè fòmasyon pou plis moun.