Explicite Net

Un focus sur les solutions : rigueur et objectivité

Brèves de presse

Un focus sur les solutions : rigueur et objectivité

Brèves de presse

Kisa fanatik yo ka atann de gwo klèb ewopeyen yo pou sezon 2025-2026 la ?

A chak kòmansman sezon, menm si chanpyona yo poko kòmanse ofisyèlman, toujou gen yon bat bouch ant fanatik ekip yo. Pou anpil moun, sitou tizè gwo klèb ewopeyen yo, se ekip prefere yo a ki deja chanpyon. Pafwa yo baze sou acha ak match avan yo pou konvenk tet yo « Ane sa se pou yo » li ye. Nan analiz nou, nou ale pi lwen. Nou montre feblès ak pwen fò 8 gwo ekip ki abitye chanpyon « LDC ».

Sezon pase, pou yon rezon oubyen yon lòt, Real Madrid pat arive satisfè madrilèn yo. Men pa rapò ak acha direksyon an fè, fanatik yo ka espere rejwen yon “Mezon blanch” jan yo renmenl la. Rive Trent Alexander-Arnold, Dean Huijsen, Carreras ak retou Carvajal bay posibilite pou ban defans la vinn pi djanm.

Bò kote pa l, Xabi Alonso, antrenè a, rive bon moman nan tèt ekip la. Nou espere li aprann de denyè eksprayans li nan “Koup di mon klèb yo” ak pran nòt pou li wè sa pou l chanje. Nou atann nou de yon fòmasyon 3-5-2 kap nan avantaj ekip koup a gwo zorèy la.

Yon lòt bò, depi apre depa Kroos ak Modric, Real bezwen yon moun ki pou mennen jwèt la nan mitan teren an. Li tap bon si jwè sa nan pwofil Pedri oubyen Vitinha. San yon kalite jwè konsa li kapab difisil pou l gen boul la epi fè jwèt li bezwen an. Pa bliye foutbòl la se yon jwèt kolektif. Konsa yo ap kapab rive bat match ki pi difisil yo.

Ak yon maryaj Mbappé-Vinicius nan atak la, menm si anpil moun doute, epi « Mercato » yo reponn, ekip Florentino Perez la ap rete youn nan favori pou ranpòte Liga ak Lig chanpyon yo.

An nou fe yon kout je nan kan advèsè a. Nou vle pale de FC Baselòn. Apre yon sezon 10/10 nan klasiko yo ; chanpyon “Liga” ak 88 pwen ; genyen “Koup Wa”, mete men sou « Sipè Koup Espay » la ; rive nan demi final Lig chanpyon yo, Balougrana yo toujou rete pi gwo favori liga ak lig koup gwo zorèy la.

Pwen fò mesye Hansi Flick yo se atak ak mitan teren yo ki toujou reponn. Men si pou nou acha Rashford la pat nesesè. Men rive Joan Garcia kòm nouvo gadyen ap ede defans nan anpil, petèt yo ka rive rezoud pwoblèm pran pil gòl depi lage atè a.

Estaf Klèb Katlòy nan dwe konprann yo bezwen yon elye. Jwè sa ta dwe kapab ranplase Yamal, sitou lè li bese fizikman. Nou ka wè, pwoblèm sa lakoz yo pèdi kèk match ke yo pat dwe rate, sezon ki sot pase a. Konesan Hansi Flick, pa rapò ak eksperyans li soti fè ak ekip la, gen anpil chans pou pèfomans ekip la amelyore.

An nou tonbe an Angletè. Pa bliye nou te gentan diw se 8 gran Klèb yo nap manyen. Pou Manchester City! Chanpyon Ewop, klèb Balon lò sezon 2023-2024 la. Ak Guardiola, kòm antrenè, yo pat arrive fè bèl figi menm jan ak sezon 2022-2023. Men sa pap etonan si yo retounen an fòs. City rete favori chanpyona Anglè a ak lig chanpyon yo.

Ak yon Rodri ki rive reprann fòm li a 100%, yo kapab rejwenn ekilib nan mitan teren an, sitou avèk rive Reijnders. Menm si ale Kevin De Bruyne ap kite yon vid, li tap enpòtan pou yo ranplase l pa yon jwè nan ki ta vle gen menm estil jwèt ak li. Nouvo jwè yo ap gen pou achte kapab ede yo sou pwen sa.

Liverpool li menm avèk transfè Florian Wirtz, Jeremie Frimpong, Hugo Ekitike yo ta dwe rete pi gwo favori premye Lig Ak lig chanpyon yo. Pèdi Luis Diaz nan atak la se yon gwo chòk. Li tap bon si yo ranplasel rapid.

Chelsea pa rapò ak pèfòmans li nan koup di mon klèb yo, ou wè ekip la gen anpil avni,yo bezwen envesti nan plis jèn.

Nan peyi Itali, Inter Milan avèk rive nouvo antrenè yo ki se Cristian Chivu, ki gen misyon pou l redrese ekip la apre sezon despsyon yo te fè a, yo ta dwe siprann nou. N ap raple, ekip sa rete youn nan klèb ki gen plis fanatik an Ayiti.

An Almay, Bayern Munich toujou rete ekip dominan nan « Bundesliga ». Ranfòse atak yo ak Luis Diaz, se youn nan kou mèt estaf teknik la. Nou ap rete tann pou nou wè sa lap pote an plis.

Pou nou fini, PSG, chanpyon Ewop an tit la, e yo apèn pran Sipè Koup la, an plis yo gen tout jwè yo kap bay randman. Yo jèn, yo pwodiktif. E se premye fwa yo fè yon bèl sezon konsa. Nou dwe rete tann plis mèvèy nan ekip sa nan sezon kap vini yo.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Partager la publication :

Articles Similaires

Articles Similaires

Inscrivez-vous à notre newsletter