Istwa ak prezans kominote ayisyen nan Turks & Caicos

Mesyedam, mwen ta renmen pran yon ti moman pou m di nou mèsi paske nou toujou pran tan pou n li epi kòmante atik mwen yo. Mèsi anpil!

Men jodi a, mwen vin pale de yon eksperyans mwen fè ki fè m reflechi. Gen yon bagay ki etranj men ki repete sou tout planèt la: nenpòt kote ou wè yon ekonomi ap grandi vit, gen gwo chans pou w jwenn men Ayisyen ladan l. Pa toujou devan kamera, pa toujou nan gwo tit jounal yo, men toujou nan fondasyon an.

Depi plizyè deseni, kominote ayisyen an tounen youn nan poto mitan Turks & Caicos Islands, kote nou rele Ziltik la. Pandan vizitè ap admire plaj dlo ble ak gwo otèl liksye, anpil moun pa konnen konbyen men Ayisyen ki te leve mi sa yo, trase wout sa yo, epi ki fè machin touris la ap byen mache. Se tankou yon blag ki pa twò komik: Ayisyen bati paradi, men pafwa yo pa gen tan vizite l.

Yon otèl sou zile Turks & Caicos.

Verite a klè: Ayisyen pa vin sèlman pou chèche lavi miyò; yo tounen motè ekonomik. Nan konstriksyon, nan otèl, nan sèvis, nan antretyen; yo se moun ki fè sistèm nan fonksyone chak jou. Si Turks & Caicos se yon machin, Ayisyen yo se motè ki anba kapo a: ou pa toujou wè l, men san li machin nan pa p deplase.

Epi sa pa rive sèlman nan Turks & Caicos. Gade moun Filipin yo nan swen sante atravè mond lan. Gade Endyen yo nan teknoloji. Gade Jamayiken yo nan mizik ak touris. Dyaspora yo montre yon bagay: lè moun jwenn estrikti, opòtinite ak yon sistèm ki fonksyone, yo fleri. Ayisyen pa diferan. Se pa kapasite nou manke; pafwa se espas ki manke nou.

Nan mitan tout efò sa yo, gen vwa ki leve pou òganize ak enfòme kominote a. Radio Voice of Haitians (Radio VHTC), ki te fonde pa Donald Metellus, tounen tankou yon batman kè pou kominote a. Li pa sèlman yon radyo; li se yon espas kote moun jwenn enfòmasyon sou sante, lwa, edikasyon, ak lavi chak jou. Li se yon pon ant kominote a ak otorite lokal yo, yon mikwo ki bay moun yo pa toujou tande yo opòtinite pou yo pale.

Logo Radio VHTC, objektif li se sansibilize tout kominote ayisyen an k ap viv sou Zile Turks & Caicos.

Donald Metellus reprezante yon kalite lidè ki pa bezwen gwo tit pou l fè gwo travay. Atravè aksyon sosyal, sipò pou nouvo imigran, kolaborasyon ak konsila ayisyen an, epi aktivite kominotè, li montre yon verite anpil moun bliye: Ayisyen pa sèlman travayè di; yo se òganizatè, vizyonè, ak moun ki vle bati sosyete. Sa vle di, nou ka itilize mikwo, TikTok, ak Facebook pou nou fè bon mesaj pase; pa sèlman pou zen ak tripotay.

Men, pandan kontribisyon sa yo ap grandi, kesyon difisil yo rete la. Pri lojman ap monte san rete. Salè yo pa toujou swiv pri lavi a. Anpil moun ki ede bati zile a ap lite pou jwenn estabilite ladan l. Sa kreye yon paradòks ki fè reflechi: kijan moun ki konstwi kay pafwa pa ka abite ladan yo? Sa pa sèlman yon kesyon pou Turks & Caicos; se yon kesyon ki touche anpil dyaspora atravè mond lan. Travay imigran yo souvan sèvi kòm fondasyon devlopman, men rekonesans ak opòtinite pa toujou distribye egal ego.

Kominote Ayisyen an anpil nan peyi a. Sa konn koz tansyon diplomatik ant 2 teritwa yo. Sou imaj sila fòs Polis Royal Turks and Caicos yo te bloke plis pase 100 migran Ayisyen dimanch kite 21 septanm 2025.

Malgre tout sa, kominote ayisyen an kontinye avanse ak yon fòs ki fè moun sezi: solidarite, adaptasyon, ak yon kapasite pou leve ankò menm lè w santi sistèm nan lou. Sa fè anpil moun poze kesyon ki pa fasil. Si menm disiplin, menm enèji, menm kapasite òganizasyon sa yo egziste nan dyaspora a, kisa ki ta rive si kondisyon yo te reyini lakay nou tou? Petèt kesyon an se pa “si Ayisyen kapab”. Petèt kesyon an se: “ki sistèm ki ba yo chans pou yo briye?” Epi poukisa chans sa yo souvan rive sèlman lè yo kite lakay yo?

Paske istwa Turks & Caicos la pa sèlman yon istwa imigrasyon; se yon rapèl ke dèyè chak resort, chak wout, chak ekonomi k ap grandi, gen moun ki pote plis pase fòs fizik yo; yo pote rèv, sakrifis, ak espwa pou yon lavi miyò. E pafwa, pandan moun ap admire peyizaj la… yo bliye moun ki te plante pye bwa yo.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Partager la publication :

Articles Similaires

Articles Similaires

Inscrivez-vous à notre newsletter