Ekip Baselòn nan kòmanse sezon Liga a ak 2 viktwa nan 2 match. Premye a se te yon gwo viktwa kont Mallorca, kote ekip la te montre anpil fòs nan atak, menm si defans la te parèt fèb malgre yo pa t pran gòl. Match sa a te jwe a 11 kont 9, apre Mallorca te fin pran yon katon wouj.
Dezyèm match la, fas ak Levante, te montre plis feblès toujou. Se te yon « Remontada » espektakilè. Apre ekip la te pran 2 gòl nan premye mitan an, rankont la te pral montre pi byen feblès defansif yo, malgre viktwa 3-2 a. Defans la te pral pran dlo fasil, nou te ka wè liy dèyè ekip Baselòn nan manke estabilite. Yo ranpòte viktwa, men yo pran 2 gòl byen rapid, sa te atire atansyon laprès ak anpil fanatik.
Iñigo Martínez kite yon gwo vid
Youn nan rezon ki ka esplike frajilite sa a se petèt depa Iñigo Martínez. Li te yon lidè ak yon poto mitan nan defans la. Absans li afekte òganizasyon ak pwa defansif ekip la. Liy defans la pèdi youn nan pilye l yo, sa ki vin fè li pi fèb, sitou nan moman kote ekip la pa gen kontwòl total match la.

Antrenè a, Hansi Flick, ap kontinye chèche yon estil jwèt ki baze sou yon “pressing” wo ak yon atak agresif. Lide a se pèmèt defans la jwenn yon pi bon ekilib gras ak posesyon balon an. Chanjman ki te fèt kont Levante a, antre Pedri ak Ferran Torres nan dezyèm mitan an, te chanje match la. Sa montre fleksibilite taktik nan atak la ka, pafwa, kache feblès defansif yo.
Leson sezon 2024-2025
Nan sezon 2024-2025 la, Baselòn te make yon kantite bèl gòl (163), men defans la te rete pwen fèb yo, ak 66 gòl yo te pran nan tout konpetisyon yo. Estrateji « atak total » la pa t rive bay rezilta yo te swete a. Egzanp ki pi klè a se te eliminasyon yo fas ak Entè Milan nan demi final « Lig Chanpyon » yo. Gen yon gwo risk pou menm erè a repete sezon sa a ankò.
Pou Baselòn kontinye fè yon pi bon sezon, pou yo vize tit nan tout konpetisyon yo, men sa ki merite fèt:
- Amelyore pwa defansif nan : Yo bezwen jwe solid nan defans pandan tout 90 minit yo.
- Ranfòse sipò defansif la : Jwè tankou Andreas Christensen, Araújo, Eric García, ak Jules Koundé dwe kontribye plis pou bay defans nan jarèt.
- Diminye risk taktik yo: Fòk yo evite kite defans la monte twò wo san pwoteksyon, paske gen ekip ki fò anpil nan jwe kont atak ak pyèj òje.
Si yo rive fè sa, atak la ap kontinye bay anpil gòl. Defans la kapab tounen yon pilye fò pou ekip la sezon sa a. Si se pa sa, yo riske tonbe nan menm pyèj ak sezon pase a.
Yon atak ki ka fè yo ranpòte tit nasyonal, men yon defans ki ka fè yo pèdi pi gwo tit ewopeyen yo.