Ayiti rive nan yon pwen kote kesyon yo vin pi lou pase pwomès yo. Kapital la kraze, gang ame ranplase prezans Leta nan anpil katye, epi sitwayen yo ap viv nan yon reyalite kote sekirite tounen yon liks. Men kriz la pa sèlman lokal. Li travèse fwontyè, li alimante migrasyon iregilye, li ranfòse rezo kriminèl, epi li destabilize ekilib rejyonal la.
Se pa kesyon si Ayiti bezwen sipò. Kesyon an se: èske pwochen tranzisyon sa a ap kraze sik echèk yo… oswa, èske li pral vin pwochen chapit nan menm istwa a?
Depi plizyè lane, tranzisyon politik yo vin sanble ak yon rit ki repete tèt li: negosyasyon elit, deklarasyon solanèl, ak anpil espwa ki fini nan dezilizyon. Chak fwa yo di “nouvo kòmansman,” men sistèm nan sèlman chanje dekorasyon l.
Gen moun ki di peyi a bezwen yon “RESET” oswa yon “Reboot”, men kijan n ap fè sa si nou pa gen bouton an, ni nou pa kontwole l?

Yon tranzisyon san direksyon klè se pa yon solisyon; se yon pwolongasyon kriz la. Lè sa ki pwovizwa vin pèmanan, konfyans piblik la fonn tankou glas anba solèy politik la.
Sekirite dwe premye chapit la, pa dènye paragraf la. Pa gen eleksyon serye kote zam gen plis otorite pase lwa. Pa gen ekonomi kote moun pè kite lakay yo. Pa gen avni kote Leta egziste sèlman nan diskou.
Leta pa ka yon metafò; li dwe yon prezans.
Yon otorite tranzisyon kredib dwe gen kontwòl inifye sou aparèy sekirite a, sipèvizyon sivil transparan, ak objektif ki mezirab. Pawòl san aksyon se politik san konsekans.
Men kesyon lejitimite a pi pwofon toujou. Pèp ayisyen an aprann dekode politik. Li konnen lè yon tranzisyon se yon pon… oswa yon estrateji pou rete sou pouvwa. Lidè tranzisyon yo dwe pran angajman piblik pou yo pa kandida nan eleksyon yo pral òganize a. Bon, sa se yon lòt sijè… ann kite sa pou l pa fè zen!!!
Sinon, kesyon an ap toujou rete: Èske y ap bati demokrasi… oswa y ap bati pwòp avni elektoral yo?

Pou patnè entènasyonal yo, kesyon Ayiti a se yon kesyon enterè estratejik, pa sèlman solidarite. Enstabilite nan Pòtoprens pa rete Pòtoprens. Li vwayaje nan bato migrasyon, nan ekonomi ilegal, nan presyon sekirite rejyonal. Ironi a sèke, pi bon politik migrasyon an pa fèt nan fwontyè, li fèt nan estabilite lakay moun.
Transparans dwe vin nouvo fondasyon tranzisyon an. Twòp fwa, èd entènasyonal antre tankou lapli epi li disparèt tankou vapè. San mekanis siveyans klè, èd vin tounen yon naratif olye l tounen yon solisyon.
Transparans pa yon slogan; se yon sistèm.
Epi wi, tranzisyon an dwe fini. Sa sonnen senp, men nan istwa politik Ayiti, li prèske radikal. Fòk gen yon kalandriye piblik, kout, ki pa negosyab, epi ki mezire an mwa. Chak pwolongasyon san konsansis se yon mesaj klè: y ap jere kriz la, yo pa rezoud li.
Ayiti pa bezwen yon sovè. Li pa bezwen yon lòt figi ki pwomèt lòd pandan l ap kiltive depandans. Li bezwen lidè ki konprann kredibilite pa soti nan diskou fò, men li soti nan kapasite pou kite pouvwa lè misyon an fini, epi ki ka pote rezilta tankou fè eleksyon ki kredib.
Ayiti pa bezwen yon sovè. Li pa bezwen yon lòt figi ki pwomèt lòd pandan l ap kiltive depandans. Li bezwen lidè ki konprann kredibilite pa soti nan diskou fò, men li soti nan kapasite pou kite pouvwa lè misyon an fini, epi ki ka pote rezilta tankou fè eleksyon ki kredib.

Men kesyon filozofik la rete: Èske Ayiti echwe paske li pa jwenn bon lidè… oswa paske sistèm nan toujou fòme menm kalite lidè yo?
E si vrè tranzisyon an te pa sèlman politik, men l te mantal tou? Si defi a se pa sèlman chanje moun ki nan tèt la, men pito chanje fason pouvwa a fonksyone?
Paske alafen, yon tranzisyon pa mezire dapre konbyen tan l dire, men dapre jan l disparèt lè objektif li reyalize.
Èske nou ka di Ayiti pa bezwen yon tranzisyon ki aprann siviv, men pito li bezwen youn ki gen kouraj pou l fini?
Epi kesyon final la, sa ki ta dwe fè tout aktè yo, ni lokal ni entènasyonal, pran yon ti tan pou reflechi a: Èske nou vrèman vle sove Ayiti… oswa nou sèlman aprann jere dezòd li?
N ap tann repons sa a nan yon lòt 40 lane.

